POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 23 fevriye 2009                                                             

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

AKADEMI FINANS MIAMI-DADE AP FÈ CHANPYONA “SOFTBALL”
  POU RANMASE FON

Li lè pou n jwe boul…Akademi Finans Miami-Dade, ki reprezante 11 lekòl leta Miami-Dade County, pral fè premye chanpyona “softball” li samdi 14 mas a 8è dimaten pou 4è nan aprèmidi nan Tropical Park ki nan 7900 S.W. 40th Street, Miami.  Yo pwograme pou Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho fè premye lanse a.

Objektif chanpyona sa a se pou ranmase lajan pou peye tout depans pou voye ekip ki chanpyon an nan yon vwayaj pwomnad nan New York City.  Vwayaj sa a ap gen ladan yon vizit nan Wall Street, tikè teyat Broadway “In The Heights,” ak lòt aktivite.  Eksperyans vwayaj sa a pral ogmante enstriksyon ki ap fèt nan salklas Akademi Finans la e fè koneksyon ak konesans yo pran nan lekòl parapò ak avantaj endistri a.  

Akademi an ap chèche patnè ki pou ede yo patwone chanpyona a.  Biznis ak endividi ka patwone postè, Mayo, baz “softball”, oubyen achte reklam nan gid pwogram nan.  Pou w ka amize w nan jwèt “softball” pou tout jounen an, tikè yo disponib pou achte davans a $10 chak.

Depi li te etabli an 1982, Akademi Finans la prepare elèv pou edikasyon apre lekòl segondè ak karyè, nan konbine enstriksyon akademik ak eksperyans sou plas pou ede elèv yo devlope ladrès panse ak ladrès rezoud pwoblèm ki nesesè pou siksè apre lekòl segondè ak karyè.  Aktyèlman M-DCPS gen 11 pwogram “Academy of Finance (AOF)” (Akademi Finans) nan lekòl segondè Barbara Goleman, Booker T. Washington, Coral Reef, Hialeah Gardens, Miami Edison, Miami Jackson, Miami Sunset, Southwest Miami, North Miami, North Miami Beach, ak William H. Turner Technical Arts.

Pou w anrejistre kòm pwomotè e/oubyen achte tikè pou jwèt la, silvouplè kontakte Alina Puentes nan 305-995-7377 oubyen voye lèt elektwonik nan apuentes@dadeschools.net

# # #
       

09-JJS/395/VVL/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès