|
DE PWOFESÈ M-DCPS RANPÒTE PRIM EKSELANS NAN EDIKASYON MIAMI – De pwofesè Lekòl Leta Miami-Dade County te pami twa gayan yo te nonmen nan tout eta a nan konpetisyon Gouvènè Charlie Crist pou “Black History Month Excellence in Education Award Contest” (Konpetisyon pou Prim Ekselans nan Edikasyon pou Mwa Istwa Nwa yo). Se kamarad travay ak elèv yo ki te nonmen gayan yo, e yo te chwazi yo pou kontribisyon yo pote nan edikasyon nan Florid. Nan kategori lekòl elemantè, yo te chwazi Patricia Fairclough, yon pwofesè dezyèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Air Base nan Homestead. Nan kòmansman semèn sa a, yo te nonmen Fairclough tou kòm Pwofesè pou Ane a nan M-DCPS. Darryl B. Baker, yon pwofesè 6yèm e 7yèm ane eskolè pou jewografi mondyal ak sivik nan Lekòl Mwayen Miami Springs, te ranpòte prim pou kategori lekòl mwayen an. Scholastic te bay chak gayan yo yon chèk $1,500 ak yon sètifka kado $250 pou materyèl edikasyonèl. # # # 09-JJS/397/HD/SD
|