POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 fevriye 2009   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SÈVIS MANJE DISTRI LEKÒL LA FÈ PWOFI

Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho anonse semèn pase Depatman Manje ak Nitrisyon Lekòl Leta Miami-Dade County, ki te antisipe nan kòmanse ane a yo ap bezwen $4 milyon sipò finansye nan men distri lekòl la, yo te fè chanjman nan jesyon yo e dekouvri yo te vin fè bonjan pwofi.

Carvalho di, “Sa reprezante yon efò kolaboratif eksepsyonèl kèk depatman nan Distri a pandan moman finansye difisil.  Depatman Manje ak Nitrisyon te travay ak Biwo Bidjè a pou kontwole  tandans bidjè a bonè.  Depatman “Procurement Management”  te ede yo jwenn kontra a pi ba pri, e Depatman Enfòmasyon Teknoloji te ede yo amelyore fason yo suiv tranzaksyon yo. Depatman Fonksyonman Lekòl yo, direktè ak manadjè sèvis manje ak nitrisyon yo te antre nan konba a pou ede garanti bon randman nan sèvis manje nan tout lokasyon lekòl yo.” 

Yo te pran yon kantite mezi pou te rive fè chanjman sa a, ki te gen ladan kontwòl sere sou stokaj yo, kenbe envantè sou baz  “si gen bezwen”, e redui kantite chwa pla prensipal dejene ak repa midi ki te twa pou de.  Anplis, yo te chanje kontra ak vandè yo pou diminye pri pou distribye pwodui manje nan lekòl yo.  Distri a te konn peye anvan $2.35 pou chak kès manje yo distribye nan lekòl yo; li vin redui a $1.26 pa kès, ki vin koupe pri distribisyon an prèske a mwatye.

Penny Parham, Direktè Administratif, Manje ak Nitrisyon di, “Nou te analize tout depans ki fèt nan kwizin nou yo, e pyès senk kòb ak dis kòb yo adisyone pou yo fè yon chanjman ki gen siksè.”   Li te fè konnen, nan yon sistèm ki sèvi 50 milyon pla manje pa ane, ekonomize yon peni nan pri preparasyon chak pla manje lakoz Distri a ekonomize yon demi milyon dola.

Parham di, “Chanjman sa a reyalize gras ak sipò enkwayab direktè ak lekòl yo pou jwenn plis elèv ki kalifye pou manje gratis oubyen nan pri redui, ki ede ogmante kantite lajan federal ki disponib pou sèvis manje e ak devouman anplwaye nou yo.

Malgre se yon ane ki di anpil, Distri a kontinye ap sèvi manje dekalite, nourisan, e yo pa koupe okenn eleman nitrisyonèl enpòtan tankou pwodui frè yo.


###

09-JJS/398/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès