POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 fevriye 2009  
      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO NONMEN PATRICIA FAIRCLOUGH PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A

MIAMI – Patricia Fairclough, pwofesè dezyèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Air Base, te resevwa gwo distenksyon kote yo te nonmen li Pwofesè Francisco R. Walker Miami-Dade County pou ane a. Seremoni rekonesans la te fèt semèn sa a nan “Doral Golf Resort & Spa.”

Kat finalis te an konpetisyon pou gwo tit sa a ki gen ladan yon pwofesè yo nonmen nan chak kat rejyon Distri a. Fairclough, ki gen Sètifika Konsèy Nasyonal Pwofesè yo, te  kòmanse karyè li nan Lekòl Elemantè Air Base an 2001. Yo rekonèt li pou apwòch li  nan ansèyman ki reflete divès kilti, ki ede elèv li yo konnen tèt yo byen e konprann pi byen ki kalite kapasite yo genyen.

Atravè egzekisyon estrateji tounèf li yo nan “Accelerated Reading Program” (Pwogram Lekti Akselere), nòt elèv yo nan tès yo ogmante rapidman nan tout lekòl la. Yo fèk sot nonmen Fairclough youn nan twa gayan Konpetisyon pou Prim Ekselans nan Edikasyon Gouvènè Charlie Crist te òganize pou Mwa Istwa Moun Nwa yo.  

Pwogram Pwofesè pou Ane a se yon aktivite kolaboratif ant “United Teachers of Dade,” “Miami-Dade County Council of PTA/PTSA,” ak Lekòl Leta Miami-Dade County. UnitedHealthcare ap patwone evènman an. Pami lot antrepriz ki ap patwone l tou genyen Toyota of South Florida, Nova Southeastern University, Univision 23 ak Telefutura 69. 

# # #

09-JJS/399/DF/CM

Retounen sou Nòt pou Laprès