|
GOUVÈNÈ CRIST FÈ ELÒJ POU EFÒ LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ POU BALANSE BIDJÈ A Dènyèman Gouvèvè Florid Charlie Crist te fè elòj pou efò Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè pou balanse bidjè distri lekòl la pandan epòk ekonomik twouble sa a. Nan prezantasyon li te fè sou “This Week in South Florida,” yon pwogram nouvèl WPLG Chèn 10 difize, Gouvènè Crist te di, “Nouvo sipèentandan an ap fè yon trè bon travay nan eseye sere senti Distri a … li mete plis aksan sou salklas yo, e mwen aplodi li pou sa.” Avèk akò Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Sipèentandan Alberto Carvalho te rive koupe plizyè milyon dola pou li balanse bidjè a. Nan 12 mwa ki sot pase yo, lekòl nan Florid te soufri akoz rediksyon $1.1 milya nan bidjè a, e sa te afekte tout 67 distri lekòl eta a. Lekòl Leta Miami-Dade County te redui bidjè pa l la Rediksyon sa yo te gen ladan yo yon diminisyon nan administrasyon avèk 27 pousan nan depans biwo santral e salè administratif yo, eliminasyon 440 pozisyon, yon rediksyon sibstansyèl nan kantite anplwaye ki ap fè plis pase $100,000 pa ane, avèk kantite anplwaye ki fè plis pase $150,000 ki te 27 pou desann a 3, e eliminasyon konplè tout anplwaye ki fè plis pase $200,000. Pami distri lekòl ki nan florid yo, Lekòl Leta Miami-Dade County genyen kounye a pi piti depans administratif konpare a nonb elèv, olyede plas 27yèm li te ye nan ane ki sot pase yo. Malgre chanjman sa yo, distri lekòl la ap kontinye fè fas ak yon diminisyon nan bidjè li ki apeprè $56 milyon, ki se plis rezilta Sesyon Espesyal Lejislati an te fè dènyèman. Rediksyon sa yo, Komisyon Konsèy Lekòl la te apwouve 11 fevriye 2009 la, pral sèvi pou balanse bidjè ane sa a, jan lalwa mande. Apeprè $30.5 milyon rediksyon ka fèt san sa pa afekte anplwaye a tan plen yo, e $25.5 milyon ki rete a ka rezoud nan lòt fason. Yon fason posib pou rezoud sitiyasyon sa a se redui ane travay la pou ane fiskal ki ap fini 30 jen an, e ki p ap afekte salè anyèl yo. Solisyon sa a kapab sijè a negosyasyon kolektif. Atravè anpil apèl telefonik, ak lèt elektwonik, anpil anplwaye te leve vwa yo byen wo pou sipòte plan Sipèentandan an pou redui ane travay la. Yon pwofesè te ekri, “Pou mwen, sa se yon bagay ki senp lè mwen konpare plan sa a ak lòt altènativ la, ki, selon sa mwen konprann, t ap lakoz anpil anplwaye pèdi travay yo. Mwen twouve atitid moun ki opoze plan an egoyis e se pou enterè pa yo y ap travay.” Yon lòt anplwaye te voye yon lèt elektwonik sipò ki di, “Mwen trè rekonesan pou lide ou genyen pou pwoteje travay nou yo e anplwaye yo p ap peye konsekans la. Silvouplè konte sou sipò mwen.” # # #
|