|
ATIS ROMERO BRITTO KREYE LOUS POU EDE M-DCPS MIAMI – Atis Brezilyen renome te asosye ak Lekòl Leta Miami-Dade County nan fè yon aktivite kreyatif pou ranmase fon pou ede sipòte leson patikilye nan nèf lekòl. Britto te kreye yon ti lous an skilpti nan sis diferan fòm e li ba yo non ki reprezante enspirasyon pou elèv: Amizman, Renmen, Jwa, Karesan, kontantman ak Espwa. Skilpti yo, ki fèt ak pwodui “poly-resin” (ajil poli) e ki mezire 5.5 pous, vann a $250. Yon pati nan pri a pral sipòte Lekòl Leta Miami-Dade County atravè Fondasyon pou Nouvo Inisyativ Edikasyon. ###
|