|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 mas 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE RANVWAYE
REYINYON MWA MAS LI A
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te rankontre jodi a nan yon reyinyon espesyal pou ranvwaye reyinyon Komisyon Konsèy la ak odyans piblik la pou mèkredi 25 mas a 1è nan aprèmidi. Sesyon konferans pou Komite Limit Prezans la ranvwaye tou pou 25 mas a 10è nan maten. Dat reyinyon komite Komisyon Konsèy la chanje pou lendi 23 mas, kòmanse a midi.
Chanjman dat sa a rive paske gen konfli ant premye dat reyinyon an, 18 mas, e kanpay PTA Florid la “Rally in Tally” ki pral fèt nan Tallahassee. Rasanbleman an te mande manm PTA atravè eta a pou yo pran direksyon kapital eta a pou rankontre lejislatè yo e plede pou yo sispann redui nan bidjè edikasyon an.
Selon PTA Florid la, plis rediksyon nan bidjè yo pral afekte lavi elèv nan eta a negativman. Kounye a, Florid se 50yèm pami lòt eta yo nan finansman pou edikasyon ak sèvis pou timoun. Lejislati a evalye defisi bidjè ane sa a anviwon $2.3 milya e defisi bidjè pou ane ki ap vini an ap omwen $5.8 milya.
###
09-JJS/407/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |