POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 11 mas 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

AKADEMI FINANS MIAMI-DADE AP FÈ CHANPYONA
“SOFTBALL” POU RANMASE FON NAN FEN SEMÈN SA A

KIYÈS: 
Administratrè Lekòl Leta Miami-Dade County, elèv, paran, ak sitwayen ki enterese
KISA:
Premye Konpetisyon “softball” Akademi Finans Miami-Dade
KILÈ: 
Samdi 14 mas 2009, kòmanse 8è dimaten pou 4è nan aprèmidi
KI KOTE: 
Tropical Park, 7900 S.W. 40th Street, Miami          
POUKISA:

Objektif chanpyona a se pou ranmase lajan pou peye tout depans pou voye ekip ki chanpyon an nan yon vwayaj pwomnad nan New York City.  Eksperyans vwayaj sa a pral ogmante enstriksyon ki ap fèt nan salklas Akademi Finans la e fè koneksyon ak konesans yo pran nan lekòl parapò ak avantaj endistri a.  
 
Tikè yo disponib pou achte davans a $10 chak.  Yo pwograme pou Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho fè premye lanse a.

 

KONTAKTE:

Alina Puentes, 305-995-7377

 

# # #

09-JJS/408/VVL/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès