POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 mas 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SANT EDIKASYONÈL ROBERT RENICK PRAL FÈ SEREMONI GRAN OUVÈTI,
AK DEDIKAS POU “GREENHOUSE”

Miami – Sant Edikasyonèl Robert Renick pral fè yon Seremoni Gran Ouveti ak Dedikas pou nouvo Holloway “Shade House” (Kay pou Kiltive Plant) mèkredi 25 mas a 10:30 nan maten. Lekòl la lokalize nan 2201 N.W 207th Street, Miami Gardens.

Kay vèt sa a se yon omaj a Dtè. Wilbert “Tee” Holloway, manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County pou Distri 1.  Dtè. Holloway se yon gwo sipotè inisyativ pou pwoteje anviwònman atravè Distri a e li te bay resous pou konstui kay vèt la. Li pral pèmèt lekòl la amelyore pwogram jadinaj li e asire pi bon siksè avèk pwojè elèv yo.

Lekòl la pote non Robert Renick, ki te sèvi nan Komisyon Konsèy Lekòl la pandan 25 lane. Renick te pwopoze lide pou gen yon sant espesyalize pou bay elèv andikape yo plis sèvis ak plis estrikti.  Li te premye manm Komisyon Konsèy Lekòl an sèvis ki te gen yon lekòl ki pote non li.

# # #

09-JJS/410/DF/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès