POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 mas 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SENDIKA ANPLWAYE YO SIPÒTE PLAN BIDJÈ CARVALHO A 

Plan Sipèentandan Alberto Calvalho ki pral ede Lekòl Leta Miami-Dade County balanse bidjè ane sa a jwenn sipò kat nan senk sendika ki reprezante anplwaye distri lekòl la.

Lidè “American Federation of State, County and Municipal Employees (AFSCME)” (Federasyon Ameriken Anplwaye Eta, County ak Minisipalite); “Dade County School Administrators’ Association (DCSAA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl Dade County); “Dade County School Maintenance Employee Committee (DCSMEC)” (Komite Anplwaye Mentnans Anplwaye Lekòl Dade County); ak “Fraternal Order of Police (FOP)” (Lòd Fratènèl Polis), yo tout dakò ak plan an, ki ap prezève travay nan ranvwaye peman kèk jou travay nan ane fiskal sa a sou ane fiskal ki ap vini an. Sendika yo dwe ratifye akò sa a.

Carvalho di, “Lidè sendika sa yo montre a klè yo vle ede estabilize mendèv kominote nou an.”

Dtè. Solomon C. Stinson, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade di, “Mwen kontan lè mwen wè moun met tèt ansanm pou rezoud pwoblèm.  Li di lidè sendika yo, “Lè m ap gade nou ki chita ansanm pandan gen yon kriz, sa ban m anpil anpil fòs.”

Plan Carvalho a mande pou yo voye de twa jou travay nan ane fiskal sa a, ki ap fini 30 jen 2009, sou pwochen ane fiskal la, ki ap kòmanse 1ye jiyè. Anplwaye yo ap toujou resevwa menm salè anyèl  yo pandan ane sivil la.

Miami Herald rele plan sa a “entelijan e kreyatif,” e li di sa se “pi bon chans distri a pou evite plis dega fèt nan bidjè a, ranvwa masif anplwaye e mwens depans nan salklas yo.”

Distri lekòl la te deja koupe plis pase $300 milyon pou balanse bidjè ane sa a, e kounye a l ap fè fas ak lòt rediksyon $56 milyon, ki se plis rezilta Sesyon Espesyal Lejislati a sot fè tou dènyèman. Fò yo fè fas ak rediksyon sa yo anvan ane fiskal sa a fini, jan lwa eta a mande sa.

###


09-JJS/411/VVL/CM

Nòt Editè a: Atachman Foto

(goch-dwat) Joseph Cortese (DCSMEC), Vance Bell (DCSMEC), Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Sèjan Howard Giraldo (FOP), Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Dtè. Solomon C. Stinson, Charles Burdeen (DCSAA), Sherman Henry (AFSCME), ak Depite Sipèentandan Fonksyon Distri/Lekòl la Freddie Woodson

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès