POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 mas 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

DE LEKÒL M-DCPS PAMI GAYAN KONKOU NIVO-GLOBAL ‘WORLD MATH DAY’ 

MIAMI – De lekòl leta Miami-Dade County te pami 50 gayan nan “World Math Day” (Jounen Mondyal Matematik), youn nan pi gwo evènman edikasyonèl nan mond la.  Plis pase de milyon timoun, ki gen ant 5 an rive 18 an, ki soti nan 204 peyi te patisipe nan evènman 47-èdtan an sou Entènèt nan dat 4 mas. Sou apeprè 20,000 lekòl atravè mond la ki te patisipe, Sweetwater Elementary, nan sidwès Miami pran premye plas nasyonal e 17yèm plas mondyal. Mae M. Walters Elementary nan Hialeah pran sizyèm plas nasyonal e 38yèm plas mondyal.

Jounen mondyal “Matematik,” se konsa yo rele l atravè mond la, te fèt premye mèkredi nan mwa mas. Evènman an gratis pou lekòl yo avèk elèv yo e li mande sèlman koneksyon Entènèt. Yo poze kesyon sou kat kategori: adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon ak divizyon. Nivo difikilte a apwopriye ak laj elèv yo. Ane sa a, elèv yo te reponn 452,682,682 kesyon kòrèkteman.

Evènman an fèt gras ak “Mathletics Game Engine” (Sistèm Jwèt Matletik) e se konpayi ansèyman a distans Ostralyèn “3P Learning” ansanm avèk “Voyager Expanded Learning” ki te òganize li. 

###


09-JJS/412/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès