|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 mas 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
M-DCPS AK PTA/PTSA AP ÒGANIZE “TWILIGHT WALK AND
FAMILY FUN NIGHT” (SWARE PWOMNAD AK AMIZMAN LANNUIT POU FANMI)
|
Administratè lekòl Miami-Dade County, manm Konsèy PTA/PTSA Miami-Dade County, elèv, pwofesè ak sitwayen ki enterese |
|
“Twilight Walk and Family Night” (Sware Pwomnad ak Amizman
Lannuit pou Fanmi) |
KILÈ: |
Samdi 21 mas 4:30 nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
The Fire Tower, 8000 N.W. 21st Street |
POUKISA: |
Depatman Edikasyon Fizik ak Edikasyon sou Sante nan Lekòl Leta Miami- Dade County e Depatman Manje ak Nitrisyon, nan patenarya avèk Konsèy PTA/PTSA Miami-Dade County, pral òganize Sware Pwomnad ak Amizman Lannuit pou Fanmi. Evènman sa a sipòte bòn sante ak byennèt pou tout timoun. Ann akò ak kwayans ki di yon timoun ki an sante kapab pèfòme pi byen, evènman sa a fèt pou motive elèv avèk paran nou yo pou yo atenn yon kalite lavi ki gen plis sante.
Konsèy PTA/PTSA Miami-Dade County se pi gwo konsèy PTA/PTSA nan eta Florid avèk prèske 59,000 manm. Òganizasyon an defann timoun ki lekòl ak kominote a, nan mande ajans ak òganizasyon leta yo pou yo sipòte edikasyon ak pwogram ki ka ede timoun. Konsèy la ede paran bati ladrès ki nesesè pou sipòte e pwoteje timoun. Anplis, yo ankouraje patisipasyon paran ak piblik la.
|
KONTAK: |
Pou plis enfòmasyon, kontakte Carolyn Nelson-Goedert, Vis Prezidan pou Edikasyon, Konsèy PTA/PTSA Miami-Dade County nan 305-995-1102 oubyen cynelgoe@aol.com.
|
# # #
09-JJS/413/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |