SIPÈENTANDAN CARVALHO PALE SOU EDIKASYON NAN MEZON BLANCHSipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho rankontre jodi a nan Mezon Blanch avèk Sekretè Edikasyon Arne Duncan e Chèf Konseye Prezidan an Valeri Jarrett, pou yon konferans sou edikasyon. Pami sijè yo te diskite, te genyen kijan fon “stimulus” la pral depanse e kilè y ap resevwa li. Carvalho di, “Li klè yo dwe distribye fon sa yo yon fason pou sove travay ak pwogram edikasyonèl yo. Depatman Edikasyon ap fè presyon sou eta yo pou itilize fon yo yon fason ki rezonab. Yo enterese pou fon yo ta sèvi pou amelyore reyalizasyon elèv, nan leve nivo refòm nan, tankou jan Lekòl Leta Miami-Dade te fè avèk nèf nan lekòl li ki te gen pèfòmans ki pi ba, lè li te anplwaye meyè pwofesè yo e bay yon ane eskolè ki pi long atravè modèl Akedemi Siksè a. Distri sa a te bay lekòl yo yon direksyon administratif ki solid, pandan li vize bezwen elèv yo e ba yo tan reyèl pou yo travay.” Carvalho ajoute, “Depatman an enterese tou nan transparans ak responsablite nan fason fon “stimulus” la ap depanse. Yo dwe depanse fon yo avèk efikasite e yon fason ki reyèl, paske y ap disponib pou sèlman dezan.” Ann otòn ane pase, lè gouvènman federal la t ap diskite sou “bailouts” (sipò ekonomik) pou endistri finansyè ak otomobil yo, Carvalho te inisye yon diskisyon sou yon pwogram sipò ekonomik pou edikasyon, soti nan Jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè avèk delege Kongrè Florid yo. Lide a te devlope anba administrasyon Prezidan Barack Obama a e li te abouti a yon pwogram sipò ekonomik ki vo $98 milya pou edikasyon nan tout peyi a. # # # 09-JJS/414/DF/CM
|