POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 mas 2009 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

DIS LEKÒL M-DCPS RESEVWA PRIM MERIT “MAGNET SCHOOLS
OF AMERICA” 

MIAMI – Dis lekòl leta Miami-Dade County resevwa dènyèman Prim Merit prestijye “Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnèt ann Amerik).  Yo remèt Prim MSA yo bay lekòl magnet ki demontre inovasyon nan kourikoulòm yo, angajman pou kenbe estanda akademik ki wo, yon efò regilye pou bay elèv yo yon edikasyon kalite siperyè, e efò pou divèsite ki reyisi.

Yo bay prim MSA a nan de kategori – Lekòl Ekselans ak Lekòl Distenksyon.  Nan Lekòl Ekselans 2009 yo genyen Sant K-8 Frank C. Martin International, Lekòl Mwayen George Washington Carver, Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons, Lekòl Mwayen John F. Kennedy, ak Lekòl Segondè Coral Reef.  Nan Lekòl Distenksyon 2009 yo genyen Lekòl Elemantè Air Base, Sant North Dade pou Lang Modèn, Lekòl Elemantè Perrine, Lekòl Elemantè Phyllis Ruth Miller, ak Lekòl Mwayen Southwood.

Yo te fonde MSA nan ane 1980 yo pou reponn a inegalite ki gen nan edikasyon. Òganizasyon an ofri sipò ak direksyon bay pwogram edikasyonèl lekòl magnèt ki kreyatif.  Pwogram magnèt yo ankouraje divèsite, egalite ak ekselans akademik.

# # #

09-JJS/415/DF/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès