POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 mas 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN CARVALHO, MANM KOMISYON LEKÒL YO VWAYAJE POU AL NAN ‘RALLY IN TALLY’  (MANIFESTASYON NAN TALLAHASSEE)

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak sis Manm Komisyon Konsèy Lekòl la kontre ak paran, elèv, pwofesè, administratrè e sitwayen ki konsène nan bilding Capitol nan Tallahassee jodi a pou plede anfavè fon pou edikasyon piblik.  Rasanbleman an, PTA Florid òganize pote ti non “Rally in Tally,” atire sipòtè edikasyon nan tout eta a.

Vis Chèmann Komisyon Konsèy Marta Pérez ak Manm Komisyon Konsèy Agustin J. Barrera, Lawrence S. Feldman, Perla Tabares Hantman, Martin Karp, ak Ana Rivas Logan te kontre ak delegasyon an ki te gen plis pase 600 Sid Floridyen ki te vwayaje al nan kapital eta a pou manifeste kont plis rediksyon nan bidjè edikasyon. 

Sipèentandan Carvalho te kòmanse jounen an nan bilding Capitol la nan yon dejene ak elèv Miami-Dade County yo, anpil ladan yo te al vizite lejislatè Florid yo pou plede anfavè sipò pou fon pou edikasyon piblik.  Oratè yon manisfestasyon nan mitan jounen an, pandan yo te sou macheskalye Capitol la te souliyen edikasyon piblik se yon envestisman santral, kritik konstitisyon an otorize ki pa ta dwe viktim twòp rediksyon nan bidjè li.

###

   09-JJS/417/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès