POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 27 mas 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

TWA ELÈV M-DCPS RESEVWA SÈTIFIKA BOUSDETID “SCUBA”


MIAMI – Yo sot nonmen twa elèv Lekòl Segondè Miami Beach U.S. Navy kòm benefisyè sètifika bousdetid konplè SCUBA atravè “U.S. Navy’s 2009 Women Divers Hall of Fame” (Seremoni pou Onore Fanm nan Lame Amerikèn ki Konn Naje) ak “Women’s SCUBA Association Training Grants” (Prim Fòmasyon pou Asosyasyon Fanm SCUBA).

Benefisyè yo se Kadè Souzofisye Twazyèm Klas Sasha Dyroff, Kadè Souzofisye Twazyèm Klas Adriana Chait, Kadè Andrea Orduz. Aplikan pou bousdetid yo te gen pou ekri disètasyon ak biyografi e menm jan an tou, yo te gen pou bay lèt referans.

Sètifika SCUBA a se yon pati nan nouvo “Academy of Marine & Environmental Sciences (AMES)” (AKademi Maren ak Syans Anviwònmantal) ki nan Lekòl Segondè Miami Beach. Plis pase 100 elèv te enskri nan AMES lè li te ouvè an septanm ane pase.   AMES, ki te fonde avèk asistans “The Celebration of the Sea Foundation” (Selebrasyon Fondasyon Lanmè), ofri opòtinite san parèy sa a pou aprann sou lanmè ak anviwònman mond la. Y ap entwodui pwogram sa a nan lekòl kòm yon pwogram pilòt ane pwochèn.

# # #

   09-JJS/420/DF/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès