|
GAYAN “GRAMMY” NESTOR TORRES ALE NAN REYINYON KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA; LI PLEDE POU FINANSMAN ARMIAMI – Gayan Prim Grammy Nestor Torres te yon envite sipriz nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County yè. Mizisyen briyan sa a te parèt nan reyinyon an pou fè yon apèl pasyonan anfavè pwogram ar yo. Torres di, “Nou nan mitan yon kriz e sa se yon kesyon sekirite nasyonal. Ar yo andanje. Se jenès la ki konsène.” Torres mande pou pwogram ak edikasyon atistik jwenn sipò san rete ak finansman ki sifizan. Li felisite Komisyon Konsèy Lekòl la pou efò y ap fè e li envite yo pou yo jwenn fason ki konstriktif pou ede. Chak ane Lekòl Leta Kiami-Dade County apwouve mwa mas kòm Mwa Ar nan Lekòl nou yo. Distri lekòl la gen lontan l ap bay ar gwo sipò nan edikasyon. Edikasyon atistik jwe yon wòl enpòtan nan bay elèv yo yon edikasyon konplè, byen balanse e li fè prèv li nan ogmante siksè elèv yo. Edikasyon atistik sipòte tou devlopman akademik e sosyal yon timoun nan ede devlope ladrès tankou panse kritik, lekti ak ekriti, rezoud pwoblèm, ak kominikasyon ki efikas. Pwogram edikasyon atistik yo ede elèv devlope ladrès ki nesesè pou yo ka reyisi nan travay, li abouti nan amelyorasyon total pèfòmans akademik, e li gen yon enfliyans pozitif sou lavi elèv yo. # # # 09-JJS/423/DF/CM
|