Yo ankouraje paran ak elèv ki nan sizyèm rive douzyèm ane eskolè, menm jan ak elèv ki fini avèk lekòl segondè yo, pou yo patisipe nan EKSPOZISYON 2008-2009 Chemen Karyè pou Elèv pou yo kapab aprann plis konsènan pwogram Karyè ak Teknik e sèvis yo ka jwenn nan Lekòl Leta Miami-Dade County ak Kolèj Miami-Dade.
EKSPOZISYON gratis sa a ap pèmèt patisipan yo jwenn enfòmasyon konsènan pwogram akademi karyè tankou Achitekti ak Konstriksyon; Enfòmatik; Ospitalite ak Touris; Edikasyon; Syans Sante e plis toujou. EKSPOZISYON an se yon opòtinite pou ede elèv chwazi yon chemen karyè pou lavni. Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki akonpaye avèk paran yo ka pwofite transpòtasyon gratis k ap soti nan tout uit kanpous Kolèj Miami-Dade yo kòmanse a 9è dimaten e ki ap fè ale retou jiska 4è nan aprèmidi, anplis (bis ak tren) Miami-Dade Transit ki ap soti nan lekòl leta Miami-Dade yo chwazi pou ale nan EKSPOZISYON an.
Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1807 oubyen vizite www.dadeschools.net.
|