POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 23 avril 2009                                                                 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY OFRI PWOGRAM “STREET LAW"

MIAMI – Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) pral ka fè yon koudèy sou dwa biznis atravè pwogram “Street Law” (Pwogram Enfòmasyon sou Divèsite).  Pwogram “Street Law,” se yon inisyativ Kòporasyon Buger King® ki met tèt ansanm ak Lekòl Segondè Miami Edison pou pwofesyonèl legal yo ofri atelye ak eksperyans nan salklas pou de semèn.

Pwogram “Street Law” a fè patenarya ak depatman kòporasyon legal yo ak klas dwa nan lekòl segondè lokal yo nan yon efò pou angaje elèv nan pwosesis legal, anseye dwa sivil, e ankouraje karyè nan pwofesyon legal la.  Anplis, elèv ap aprann dwa legal ak responsablite.

Pwogram “Street Law” se yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi ki ofri eksperyans pratik, konkrè sou dwa, demokrasi, ak dwa moun.  Nouvo pwogram sa a pwomote panse kritik, ansèyman an gwoup ak demokrasi pami patisipan li yo.  Pwogram ak kourikoulòm “Street Law” ap ankouraje jèn adilt pou yo respekte e konprann sistèm legal la depi 35 an.

Pwogram “Street Law” a ap tèmine ak yon konferans nan bilding santral Burger King® nan mèkredi 13 me.  Bilding santral Burger King®  nan lokalize nan 5505 Blue Lagoon Drive.

###

09-JJS/428/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès