POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 27 avril 2009     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO REKONÈT YON EDIKATÈ M-DCPS KI RESEVWA ONÈ KÒM YONEDIKATÈ ENTÈNASYONAL POU ANE 2009 LA

MIAMI – Dènyèman “Visiting International Faculty Program” (Pwogram Echanj Pwofesè) a te rekonèt Denise Orr-Daley, pwofesè Lekòl Elemantè Myrtle Grove, kòm Edikatè Entènasyonal pou Ane 2009 la.

Pwofesè twazyèm ane a te resevwa yon tit onorab pou travay remakab li fè nan salklas e pou pwomosyon konsyantizasyon kiltirèl nan mitan elèv li yo.  Madan Orr-Daley se te youn nan 16 edikatè yo te chwazi pou onè sa a nan yon domèn ki gen plis pase 70 moun yo nonmen nan sis eta.  Moun yo te nonmen yo travay ak elèv yo pou yo ka diskite sijè global, aprann nouvo lang e eksplore nouvo peyi ak kilti.

Kòm yon natif Jamayik, Madan Orr-Daley enjekte kilti li nan plan leson li fè chak jou.  Li mete aksan sou gwo lidè Jamayiken yo, ekriven ak mizisyen, anplis li ofri yon repa-midi ki te gen ladan mizik ak manje peyi l pou kòlèg li yo.  Pwofesè devwe sa a mande anpil nan men elèv li yo e li gen kredi pou amelyorasyon nòt pou lekti ak redaksyon.

Pwogram Echanj Pwofesè a se pi gwo pwogram echanj ki konekte lekòl Ameriken ak edikatè entènasyonal.  Pwogram nan chwazi pwofesè ki trè kalifye pou travay kòm pwofesè anplen tan nan lekòl pou jiska twazan.  Pwofesè yo retounen nan peyi yo chaje ak devlopman pwofesyonèl pou ede elèv yo.

###

   09-JJS/432/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès