POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 30 avril 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PÈFÒMANS LEKÒL LETA MIAMI-DADE NAN FCAT LA AP KONTINYE YON TANDANS K AP MONTE PI WO

MIAMI- Pousantaj elvè nan 4yèm ak 8yèm ane eskolè nan Lekòl Leta Miami-Dade ki resevwa nòt 4.0 oubyen pi wo nan egzamen pou redaksyon nan FCAT la te kontinye yon tandans k ap ogmante depi twazan, daprè dosye Depatman Edikasyon Florid difize jodi a. Pousantaj elèv 4yèm ak 8yèm ane eskolè ki resevwa nòt 3.5 oubyen pi wo te ogmante tou oubyen li te rete stab.

Sipèentadan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te di, “Sa se yon tandans modere men pozitiv ki reflekte elèv nou yo ap amelyore nan ladrès ki trèzenpòtan pou avni yo.”  Li di “ Nou konnen biznis nan kominote nou an bay anplwaye ki gen bon ladrès ekri valè, e pwofesè, anplwaye, e volontè nou yo te travay di pou ede elèv yo jwenn siksè.”

Mwayèn nòt M-DCPS rete stab atravè twa nivo ane eskolè.  M-DCPS ogmante pousantaj elèv ki fè nòt 3.5 oubyen pi wo nan 4yèm ane eskolè a 84 pousan e li te rete stab nan 8yèm ane eskolè a 88 pousan.  Nòt sa yo enpresyonan anpil anpatikilye kote prèske 60 pousan elèv nan M-DCPS mayen yo ba, (konparativman a 46 pousan atravè eta yo) e kote 15 pousan elèv M-DCPS yo ap Aprann Pale Lang Anglè, konparativman a 9 pousan atravè eta a.

Senk nan sèt lekòl segondè yo te idantifye kòm sa k ap pèfòme pi ba anba sistèm “Differentiated Accountability” (Responsiblite Diferansyèl) eta a   mentni oubyen amelyore nòt yo.  Miami Central (+9 pwen), Miami Carol City (+8 pwen), e Homestead (+5 pwen) tout nòt yo pi wo, pandan North Miami Senior High ak Corporate Academy South te mentni nòt yo te fè ane dènyè a.

Nòt yo difize jodi a reflekte tout elèv ki te teste yo.  Gen kèk nòt elèv yo pap itilize pou rezon “accountability” responsablite.

 

###

09-JJS/436

 

Retounen sou Nòt pou Laprès