POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 4 me 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

EKSPOZISYON CHEMEN KARYÈ 2008-2009 POU ELÈV TE YON SIKSÈ

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), nan kolaborasyon avèk Kolèj Miami-Dade (M-DC), te òganize EKSPOZISYON Chemen Karyè 2008-2009 pou Elèv dimanch 26 avril nan Bank United Center ki sou kanpous university of Miami.

Plis pase 1,000 paran ak elèv sizyèm rive 12yèm ane eskolè, ansanm avèk elèv ki fini lekòl segondè, te ale nan evènman gratis sa a pou yo jwenn enfòmasyon sou Karyè ak pwogram Teknik e sou sèvis M-DCPS ak M-DC bay.

EKSPOZISYON an pèmèt patisipan yo jwenn enfòmasyon konsènan pwogram akademi karyè tankou Achitekti ak Konstriksyon; Enfòmatik; Ospitalite ak Touris; Edikasyon; Syans Sante e plis toujou.  EKSPOZISYON an ede elèv chwazi chemen karyè yo pou lavni.

###

09-JJS/437/DF/CM


Nòt Editè a: Atachman foto

Ekspozisyon Chemen Karye Ekspozisyon Chemen Karye
Paran ak elèv aprann plis sou karyè ak pwogram teknik nan EKSPOZISYON Chemen Karyè 2008-2009. 

Mia Lam, yon elèv 7yèm ane eskolè nan Lekòl Mwayen Palmetto Middle vizite EKSPOZISYON Chemen Karyè 2008-2009 pou Elèv la avèk paran li e frè l ak sè l. Nimewo tikè yo te ba li nan pòt la te soti e li te antre lakay li avèk yon prim ki se yon òdinatè laptop.


 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès