|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 7 me 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV MIAMI-DADE MONTRE AMELYORASYON NAN REPRIZ EGZAMEN FCAT YO
MIAMI – Pousantaj elèv ki pase nan repriz egzamen Lekti FCAT la amelyore anpil pou elèv 11yèm e 12yèm ane eskolè ki pat pase egzamen lekti a anvan ki te yon demand pou gradyasyon pou yon diplòm estanda nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS). Pousantaj elèv 11yèm ane eskolè ki pase ogmante sèt pousantaj pwen, e pousantaj 12yèm ane eskolè ki pase amelyore sis pwen. Amelyorasyon nan pousantaj elèv ki pase egzamen lekti nan M-DCPS depase pousantaj elèv nan tout eta a.
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Mwen pran anpil kouraj ak siksè elèv yo ki travay tèlman di ane sa a, avèk sipò direktè, pwofesè, paran yo ak anpil volontè. Sepandan, gen anpil lòt toujou ki poko pase tès sa a. Nou ap kontinye bay tout sipò ak opòtinite edikasyonèl ki disponib pou ede elèv yo akonpli objektif yo pou yo gradye nan lekòl segondè.”
Pousantaj elèv 11yèm ane ak 12yèm ane M-DCPS ki pase nan Repriz egzamen Matematik FCAT la diminye tou piti, men diminisyon de pousan sa a mwens pase sis pousantaj pwen diminisyon elèv nan tout eta a.
Dènye rechèch Distri a fè montre elèv M-DCPS yo benefisye nan pran avantaj sou tout kantite opòtinite disponib pou pran egzamen gradyasyon FCAT la si yo pa pase nan premye fwa yo ofri li a an prentan nan 10yèm ane eskolè. Ou ka wè yon brèf rechèch sou sijè a nan http://drs.dadeschools.net/ResearchBriefs/RB0805.pdf .
Kantite elèv 11yèm ak 12yèm ane eskolè ki patisipe nan repriz egzamen yo te òganize yo, diminye enpe pou 2008 a 2009 nan Distri a ak Eta a. Anpil faktè ka lakoz sa, tankou ogmantasyon itilizasyon nòt ki konfòm ak egzamen antre nan kolèj (SAT ak ACT) pou satisfè demand gradyasyon.
###
09-JJS/442/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |