|
YO ONORE EDIKATÈ M-DCPS KÒM ANTRENÈ LEKTI, MIAMI– Yo tou pran avantaj sou Semèn Apresyasyon pou Pwofesè, pou rekonèt yon gwoup edikatè nan Lekòl Leta Miami-Dade jodi a pou efò yo nan pouse ladrès lekti pami elèv yo. “Just Read, Florida and Florida and Literacy Reading Excellence Center” (Florid, Annik Li! ak Sant Ekselans Lekti debaz nan Florid) te rekonèt Anita Marti nan lekòl segondè Hialeah kòm Antrenè Lekti pou Ane a, pandan yo te nonmen yon gwoup edikatè ki soti nan lekòl elemantè Barbara Hawkins kòm Lidè Ekip Lekti pou Ane a. Ekip Hawkins la genyen ladan Direktris Evelyn Harris, Asistan Direktè Jorge Mazon, Antrenè Lekti Mildred Moore ak Gwendolyn Richards, parenn pou pwofesè lekti Carolyn Trent Eaddy, Andrea Thompson, ak Tiffany Davis, pwofesè pou kou obligatwa yo Patricia Innocent, lyezon pou devlopman pwofesyonèl Patricia Mergner. Marti te trè itil nan etabli yon kilti kolaborasyon pami pwofesè nan Hialaeh High. Ekip lidè pou lekti nan lekòl elemantè Barbara Hawkins distenge li kòm yon modèl pou entèprete evalyasyon dosye elèv, planifye aktivite lekti, kowòdone sèvis entèvansyon, e ofri direksyon sou pwosedi enstriksyonèl. Florid, Annik Li! Ak Sant Ekselans Lekti nan Florid te rekonèt edikatè yo pou travay yo nan ede fòme enstriksyon lekti nan lekòl yo. ### 09-JJS/443/TTR/CF
|