|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 me 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YON PWOFESÈ MIAMI-DADE GENYEN PREMYE PLAS NAN
KONKOU PLAN LESON BANK REZÈV FEDERAL LA
Keith Astuto, yon pwofesè nan South Miami Senior High, genyen yon sètifika epay $1,500 paske li genyen premye plas nan konkou anyèl “Lesson Plan of the Year” (Meyè Plan Leson pou Ane a) Bank Rezèv Federal nan Atlanta te òganize mwa pase. Plan leson Astuto a te an konpetisyon avèk plan leson ki te soti nan kat biwo sikisal bank la ki nan Sizyèm Distri Rezèv Federal la: Birmingham, Ala.; Jacksonville, Fla.; Nashville, Tenn. ak New Orleans.
Konkou sa a ki te fèt pou inisye edikatè yo nan materyèl ak resous Rezèv Federal, te envite pwofesè lekòl mwayen ak lekòl segondè pou yo devlope plan leson ki prezante piblikasyon Rezèv Federal, paj Entènèt oubyen materyèl miltimedya. Plan leson Astuto a, “An Economic SIM-ulus Package,” te prezante videyo Rezèv Federal la “Nan Yon Anglè Klè” e li te santre sou travay “Federal Open Market Committee” (Komite Federal pou Mache Lib) pou li ka prepare elèv yo pou yon modèl prezantasyon prezidan Federal Atlanta a.
Anvan viktwa sa a, Astuto te genyen premye plas konkou rejyonal Miami an, yo te ouvè pou edikatè ki soti nan 13 county nan Sid Florid. Twa premye gayan yo te soti tou nan Lekòl Leta Miami-Dade County. Dezyèm plas la te ale jwenn Jaela Vazquez nan Lekòl Segondè Cutler Ridge.
Jij yo, ki te gen ladan yo anplwaye ak edikatè Rezèv Federal, te evalye chak kandida selon kèk kritè, tankou orijinalite, kreyativite, dokimantasyon ak itilizasyon materyèl Rezèv Federal.
###
09-JS-444/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |