POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 12 me 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO NONMEN YON EDIKATÈ M-DCPS
NAN KOMITE KONSÈY GOUVÈNÈ A SOU SANTE FIZIK

MIAMI – Gouvènè Charlie Crist fèk nonmen Dtè. Jayne Greenberg, Direktris Egzekitif Edikasyon Fizik ak Edikasyon Debaz sou Sante pou Lekòl Leta Miami-Dade County, pou li sèvi nan Komite Konsèy Gouvènè a sou Sante Fizik.

Komite Konsèy Gouvènè a sou Sante Fizik, ki etabli an 2007, fè pwomosyon byennèt nan eta a atravè yon plan aksyon pou ogmante nivo sante fizik Floridyen yo atravè egzèsis regilye e bonjan pratik nitrisyon.  Plan an tou ap chèche redui pousantaj obezite ki vin bay maladi kwonik.  Pami manm komite konsèy la genyen reprezantan edikasyon, pwofesyonèl swen sante, defansè moun ki gen bezwen espesyal, ak reprezantan gouvènman lokal ak eta a. 

Kòm Direktris Egzekitif Edikasyon Fizik ak Edikasyon Debaz sou Sante pou M-DCPS, reponsablite Greenberg gen ladan sipèvize edikasyon fizik, sante ak sekirite, tankou pwogram pou elèv ki gen andikap.

###

09-JJS-S/445/VVL/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès