POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 me 2009 

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL ELEMANTÈ PAUL LAURENCE DUNBAR PRAL RESEVWA YON EKRIVEN POU TIMOUN  

KIYÈS: 
Ekriven Shelley Barrow, administratè lekòl, pwofesè, elèv ak sitwayen ki enterese   
KISA:
Lekti ak Vant Siiyati Liv Shelley Barrow   
KILÈ: 
Madi 19 me, 9:30 dimaten 
KI KOTE: 
Paul Laurence Dunbar Elementary School, 505 N.W. 20 Street         
POUKISA:

Shelley Barrow ap vizite lekòl la pou yon lekti ak vant siyati nouvo   liv li a, “My Life … The Story of a NFL Child”.  Liv foto sa a mete  anfaz sou 40 jwè foutbòl NFL, avèk pitit yo.  Li pwomouvwa imaj pèsonèl pozitif, amizman fanmi, lafwa, patènite ak endividyalite.  Barrow, yon ansyen animatris NFL e madanm defansè retrete NFL Mike Barrow, se yon pwofesyonèl nan ekri liv pou timoun. 

 

# # #

   09-JJS/448/DF/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès