POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 22 me 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO NONMEN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CORAL PARK YON LEKÒL
FONDASYON SIYATI GRAMMY®

Lekòl Segondè Miami Coral Park te youn nan 14 lekòl yo te chwazi nan tout peyi a kòm yon Lekòl Siyati GRAMMY® pou ane 2009 la.  Coral Park High te yon gayan nan kategori “Grammy Signature Schools Enterprise Award” (Prim Antrepriz Lekòl Siyati Grammy), ki te rekonèt efò sis lekòl ki pa resevwa ase sipò ekonomik.  Coral Park gaye yon bous  $5,000 pou benefisye program mizik li a.

Yo te kreye pwogram Lekòl Siyati GRAMMY an 1998  ki rekonèt meyè lekòl leta segondè yo Ozetazini ki pran gwo angajman pou edikasyon mizik diran yon ane lekòl akademik.  Pwosesis pou Seleksyone Lekòl Siyati GRAMMY yo kòmanse chak ane nan mwa septanm lè Fondasyon GRAMMY an revize aplikasyon pou plis pase 20,000 lekòl leta segondè.  Yon komite depistaj endepandan mete soupye yon jijman rigoure e fè yon revizyon final pou detèmine lekòl yo ki merite grad Lekòl Siyati.

Lòt lekòl ki gaye nan kategori Prim Antrepriz la se Colorado Springs, Colo.; Pacific, Mo., Rochester City, N.Y. ; Detroit ak Phoenix.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Manuel Camacho II, Direktè Òkès, Coral Park, nan 305-226-6565.

 

###

09-JJS/452/HD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès