|
M-DCPS ONORE DIREKTÈ, ANPLWAYE POU ANE A NAN 4YÈM FÈT ANYÈL ‘EDDIES’ MIAMI - Lekòl Leta Miami-Dade County te onore meyè anplwaye li yo nan yon seremoni prim yèswa nan Jungle Island. Direktris Miami Lakes K-8 Rosy Calvo te genyen pi gwo onè kòm Dirktè (tris) Distri pou Ane a. Calvo, ki se yon pwodui Lekòl Leta Miami-Dade County li menm, gen nevan depi l nan Miami Lakes K-8. Anba direksyon li, lekòl la pran nòt “A” nan men eta a nèf fwa youn apre lòt. Li te sipèvize tou kokenn tranzisyon lekòl la te fè, soti yon lekòl elemantè pou vin yon sant K-8 tou nèf. Direktris la genyen yon bon rapò tou ak paran elèv li yo. Frank Diaz yon moun ki rete Miami Lakes ki gen pitit fi l Sofia ki gen 7 an e ki nan pwogram don nan Miami Lakes te di, “Calvo Rocks” (Calvo ap Mennen)! “Kenpòt lè mwen te bezwen wè l, li te ekstrèmman akeyan e li rezoud nenpòt sitiyasyon imedyatman.” Sipèentandan lekòl yo Mesye Alberto Carvalho te prezante 4yèm Prim Anyèl Edikasyon pou Sèvis Egzanplè, yo konnen kòm “The Eddies”, ki rekonèt kontribisyon siperyè edikatè, aplwaye sipò ak administratè M-DCPS. Lis gayan yo ak lekòl yo site anba a avèk kategori yo: Direktris pou Ane a - Rosy Calvo, Miami-Lakes K-8 ### 09-JJS/454/HD/CF
|