POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 21 me 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

NÒT FCAT LEKÒL LIBERTY CITY PIKE MONTE

MIAMI– Nòt FCAT elèv nan twazyèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Liberty City monte travèse plafon an ane sa a, yon pike monte plis pase 40 pwen nan toude lekti ak matematik.

Monte mèkiri a ki gen ladan nòt lekti ki sote soti nan 29 rive nan 72 ak nòt matematik la ki monte soti 39 rive nan 83.  Sa vle di twa nan kat elèv nan twazyèm ane kab li nan nivo ane eskolè yo ki se lekontrè ane pase ki te youn sou chak twa.

Lekòl Elemantè nan Libety City te nan lis kritik nan Distri a pou “Differential Accountability” “Mezi Responsiblite Diferansyèl” lekòl yo te menase ak sanksyon seryè, ki gen ladan Depatman Edikasyon Florid fèmen li, si lekòl yo pa fè amelyorasyon nan nòt yo.

Pou ede lekòl la, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te inisye modèl “Success Academy,” ki ofri elèv yo leson patikilye samdi ak nan vakans pou ede yo amelyore nòt yo.  Elèv yo te resevwa rekonpans finansye pou prezans yo.

###

09-JS/456/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès