POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 22 me 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PREZANTASYON CHÈK AKADEMI SIKSÈ POU ‘GRADYE’ NAN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI NORLAND

MIAMI – Elèv nan Lekòl Segondè Miami Norland te pran sipriz 20 me a avèk yon gwo chèk ki depase mezi pou patisipasyon yo nan inisyativ leson patikilye Akademi Siksè Sipèentandan an, ki te ede elèv ki nan lekòl k ap goumen yo pou prepare egzamen eta a.  Elèv yo touche lajan pou ale nan chak sesyon leson patikilye. Chèk pou patisipasyon total Norland se te $96,960. Yo pral kalkile pòsyon chak elèv pou yo mete l nan kont epay yo te etabli pou yo.

Norland SHS

###

09-JJS/457/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès