|
M-DCPS AP REVIZE LÈ LEKÒL LAGE 2-4 JEN 2009 MIAMI – Nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la te fè an me a, li te apwouve yon amandman nan kontra Lekòl Leta Miami-Dade County/Sendika Pwofesè Dade yo, ki chanje orè elèv yo pou twa dènye jou lekòl yo. Nouvo orè pou twa dènye jou lekòl yo konsa:
Elèv ap gen toude dejene ak repa midi chak jou anvan yo lage. Elèv, ki patisipe kounye a nan pwogram swen apre lekòl direktè a ap dirije oubyen atravè ajans deyò, ap gen swen sèvis pwolonje k ap kòmanse lè yo lage e ap fini pa pi bonè pase 6è diswa. Paran pap genyen pou yo peye anplis pou jounen pwolonje sa a. Sèvis swen apre lekòl sa yo ap sèlman disponib pou elèv ki lekòl kounye a. Orè otobis pou elèv yo ap rete menm jan nan maten. Y ap ajiste orè otobis yo pou yo koresponn ak lè elèv yo lage. Pou plis enfòmasyon, paran yo dwe kontakte lekòl pitit yo.
### 09-JJS/460/DF/RL
|