POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 28 me 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV M-DCPS KONTINYE AP FÈ PLIS SIKSÈ
ENPRESYONAN NAN FCAT LA

MIAMI – Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County te fè siksè enpresyonan nan egzamen “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid) ane lekòl sa a.  Dapre rezilta Depatman Edikasyon Florid bay jodi a, pousantaj elèv ki satisfè gwo estanda Eta a ogmante nan prèske chak nivo ane eskolè nan prèske chak sijè.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho di, “Sa se yon gwo reyisit.  Se yon prèv travay di ak angajman chak elèv, chak paran, chak pwofesè, ak chak anplwaye distri lekòl sa a. Malgre mank resous ak gwo defi kondisyon ekonomik, ansèye ak aprann kontinye ap avanse nan salklas Miami-Dade.”

Pami gwo reyisit Distri a genyen:

  • Amelyorasyon nan toulètwa disiplin yo (lekti, matematik, ak syans) pou elèv lekòl elemantè Distri a nan ane eskolè 4 ak 5, avèk yon bon kantite ogmantasyon nan pousantaj nòt elèv fè nan nivo 3 - 5.
  • An jeneral, rezilta FCAT nan Lekti ak Matematik pou elèv lekòl segondè Distri a te ogmante anpil soti 2008 rive 2009, e yo depase ogmantasyon eta a nan pousantaj elèv nevyèm ak dizyèm ane eskolè ki fè gwo nòt (Nivo 3 - 5).
  • Mwayèn “Scale Scores and Developmental Scale Scores” (Echèl pou Entèprete Pwogrè Elèv nan Chak Disiplin) elèv Distri a te amelyore nan lekti nan tout ane eskolè yo soti nan 4 rive nan 10 de ane 2008 a ane 2009. 
  • Senkanteyen pousan elèv dizyèm ane eskolè Distri a te pase egzamen Lekti FCAT la pou gradyasyon premye fwa yo te pran li an mas 2009, ki depase 50 pousan pou premye fwa e ratresi nan pousantaj jeneral tout elèv ki pase atravè tout eta a. 

Te gen tou istwa sou akonplisman endividyèl plizyè lekòl, tankou elèv Lekòl Elemantè Liberty City ki te amelyore 30 pwen pase ane dènye nan nòt lekti nan tout ane eskolè yo kote nòt matematik yo te ogmante 38 pwen. Epi, rezilta egzamen Lekòl Segondè Miami Central yo te ogmante plis pase 4 pwen nan tout nivo ane eskolè nan lekti e 16 pwen nan tout nivo ane eskolè nan Matematik. Toude lekòl sa yo te sou lis kritik Distri a pou “Differentiated Accountability (DA)” ki se lekòl Depatman Edikasyon Florid bay gwo menas sanksyon tankou fèmen yo, si nòt lekòl yo pa amelyore. Pou ede lekòl sa yo ak lòt lekòl DA, Sipèentandan Carvalho mete sou pye modèl Akademi Siksè a, ki ofri elèv leson patikilye espesyal le samdi ak jou ferye yo pou pouse elèv yo aprann.

Elèv Miami-Dade yo te pwofite malgre defi yo te rankontre tankou elèv ki pa fin pale Anglè byen e ki pòv.  Plis pase 15 pousan elèv Miami-Dade ap aprann pale Anglè, konpare avèk nèf pousan nan tout eta a, e 60 pousan elèv Miami-Dade ki nan nivo povrete, konpare avèk 46 pousan nan tout eta a.  Ane pase, yo te idantifye 13,161 nouvo elèv kòm moun ki soti nan fanmi ki gen salè ba, ki plis pase prèske mwatye popilasyon elèv distri lekòl Florid.  Anplis, Distri a vin gen siksè apre li te sibi plis pase $400 milyon defisi nan bidjè li depi ane pase.

Pou yon lis konplè rezilta FCAT pou lekòl Miami-Dade County yo, ale nan www.fldoe.org.

 

###

09-JJS/462/TTR/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès