POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 29 me 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

GALRI VIDEYO SOU ENTÈNÈT KENBE MESAJ MANM
KOMISYON KONSÈY LEKÒL YO TE ANREJISTRE

MIAMI – Kounye a Mam Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade genyen yon “Galri videyo” kote yo ka estore tout seksyon I-1 sou ajanda Komisyon Konsèy Lekòl ki te anrejistre.  Yo lokalize sou paj Entènèt Distri a, galri sa a genyen ladan tou anrejistrasman Sipèentandan ak Lapolis Lekòl Miami-Dade, ansanm ak, segman elèv, paran ak anplwaye. Adrès paj Enènèt la se http://videos.dadeschools.net.

Seksyon I-1 an se kote endividi manm Komisyon Kosèy yo kab prezante korespandans pou adrès yo, rapò ki soti nan plizyè komite kote yo sèvi kòm lyezon, e lòt enfòmasyon ki relate ak edikasyon ki enterese piblik la. Yo anrejistre mesaj sa yo davans e yo pase yo nan konklizyon reyinyon Komisyon Konsèy la.

###

09-JS/463/HD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès