|
GAYAN KONPETISYON REDAKSYON LIBÈTE SIVIL ACLU “ZELDA GLAZER”MIAMI – “American Civil Liberties Foundation” (Fondasyon Libète Sivil Ameriken) nan Florid anonse gayan dezyèm Konpetisyon Redaksyon “Zelda Civil Liberties” nan evènman anyèl yo a “ACLU Greater Miami Chapter Law Day.” Gayan yo, tout se elèv k ap fini lekòl segondè nan lekòl leta Miami-Dade, te resevwa tou prim bousdetid. Yo nan lis ki anba a:
Konpetisyon redaksyon ACLU Florid la se yon opòtinite pou rekonèt bousdetid libète sivil ki bay yon meyè konpreyansyon sou prensip Konstitisyon Etazini an. Yon komite jij egzamine disètasyon elèv yo. Yo chwazi redaksyon gayan yo selon pasyon, kontni, ladrès nan ekri, orijinalite, konsantrasyon ak òganizasyon elèv la. Tout redaksyon ki genyen yo disponib sou Entènèt nan www.aclu.org/zelda. Etabli an 2007, Fon Bousdetid “Zelda Glazer” onore memwa ak zèv lavi diran yon edikatè eksepsyonèl Lekòl Leta Miami-Dade County ki te travay pandan plis pase 40 an kòm yon pwofesè lekti ak redaksyon e kòm yon administratè. Madan Glazer te yon defansè devwe pou dwa sivil ak libète nan lekòl ak kominotè yo. Li te travay di pou soutni dwa konstitisyonèl elèv yo, espesyalman sa ki enplike nan fè ekspoze ak jounalis. ### 09-JJS/464/HD/CM
|