|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP CHÈCHE LIDE MIAMI - Lekòl Leta Miami-Dade County kòmanse devlope Plan Estratejik Distri 2009-2014 li a. Plan sa a konsantre sou efò Distri a ap fè pou l mete yon seri priyorite nan bi ak objektif ki fèt pou akonpli misyon Distri a ki se bay elèv nou yo pi gwo kalite edikasyon. Distri a te devlope yon sondaj pou l rasanble lide kominote a e pou l rafine vizyon efò sa yo pou senk ane k ap vini yo. Yo envite paran, elèv, anplwaye, ak manm kominote a pou yo patisipe nan sondaj la, ki disponib ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl nan www.dadeschools.net. Distri lekòl la bay lide patisipan yo anpil valè. ### 09-JJS/467/TTR/RL
|