POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 4 jen 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PREZANTASYON CHÈK BAY ELÈV KI TE PATISIPE NAN LESON PATIKILYE NAN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CAROL CITY

MIAMI – Yo te prezante yon gwo chèk ki depase mezi bay elèv nan Lekòl Segondè Miami Carol City pou patisipasyon yo nan inisyativ leson patikilye Akademi Siksè Sipèentandan an.  Inisyativ la te ede elèv ki nan lekòl k ap goumen pou yo prepare pou egzamen eta a.  Elèv yo touche lajan kòm rekonpans paske yo te ale nan chak sesyon leson patikilye. Chèk pou patisipasyon total Carol City se te $83,130. Yo pral kalkile pòsyon chak elèv pou yo mete l nan kont epay yo te etabli pou yo.

Carol City SHS

Ellen O. Wright, Asistan Sipèentandan pou “Differentiated Accountability” (g) prezante chèk total pou $83,130 bay Direktè Lekòl Segondè Miami Carol City Nelson Izquierdo.

 

###

09-JJS/468/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès