POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 11 jen 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV SANT EDIKASYONÈL ROBERT MORGAN GAYE
KONPETISYON AR KONGRÈSYONÈL 2009

MIAMI –Maricela Nodar, yon elèv nan 11yèm ane eskolè nan lekòl Sant Edikasyonèl Robert Morgan se gayan Konpetisyon Ar Kongrèsyonèl 2009 “Yon Dekouvèt  Atistik”  pou Distri Florid 25.  Reprezantatif Etazini Mario Diaz-Balart te prezante Maricela yon sètifika ak yon drapo Etazini ki te konn flote devan bilding Kapital la.  Yo ap ekspoze travay ar li  gayè pou li a nan Kapital Etazini pou yon ane.

Konpetisyon nasyonal la te kòmanse an 1982 e se Repezantatif Lachanm Etazini yo ki patwone li.  Manm Kongrè yo genyen opòtinite pou yo rekonnèt talan atistik jèn konpatriyòt yo.  Depi li te etabli plis pase 650,000 elèv lekòl segondè patisipe nan pwogram nan.

Pou plis enfòmasyon, kotakte Ada Gonzalez, pwofesè anchaj nan Robert Morgan , nan 305- 253 9920, ekstansyon 2629.

###

09-JJS/472/HD/CF

Robert Morgan Ed. Ctr.

Direktè Lelòl Segondè Greg Zawyer, Asistan Kongrèsyonèl Yaime Vega, Dirijan Akademi Ada Gonzalez, Gayè Maricela Nodar, ak Rep. Etazini Mario Diaz-Balart.

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès