POUKISA: |
An desanm 2000, Asanble Jeneral Nasyonzini te pase rezolisyon 55/76, ki te make dat 20 jen kòm Jounen Mondyal Refijye. Pou onore rezolisyon sa a, Sant Adilt Miami Beach la pral fè yon fwa pou edike elèv yo ak piblik la an jeneral sou sitiyasyon danjre plizyè milyon moun yo fòse kite kay yo ak peyi yo chak jou pou pwoteje lavi yo.
Depi 1996, Lekòl Leta Miami-Dade County asiste endividi sa yo atravè pwogram “Skills for Academic, Vocational and English Studies (S.A.V.E.S.)” (Ladrès pou Etid Akademik, Vokasyonèl ak Lang Anglè), ki sèvi kòm sipò pou refijye sa yo. Yo te kreye S.A.V.E.S. atravè yon kontra ant Depatman Timoun ak Fanmi, e Biwo Sèvis Refijye pou rezoud pwoblèm bezwen edikasyonèl refijye nan domèn akademik, teknik ak nan lang Anglè.
|