POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 16 jen 2009  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS*** 

DEPATMAN SANTE ENFÒME LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY SOU LANMÒ YON ELÈV KI TE GEN VIRIS H1N1

MIAMI – Byen bonè jodi a, Depatman Sante Miami-Dade enfòme Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon timoun ki te konn ale nan yon lekòl distri a ki te mouri 9 jen 2009. Depatman sante konfime tès pozitif pou viris H1N1 an sou timoun nan apre lanmò li.

Apre konvèsasyon avèk Depatman Sante Miami-Dade ak verifikasyon dosye prezans elèv la, yo te detèmine timoun nan pat kontajye lè li te konn ale lekòl la.

Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye pran prekosyon jeneral kont grip la.  Distri lekòl la ap ankouraje elèv ak anplwaye pou yo lave men yo souvan e kenbe yon bonjan nivo ijyèn pèsonèl.  Anplwaye yo asire tou nan tout lekòl yo gen atik debaz ki nesesè pou ede elèv ak anplwaye kenbe men yo pwòp. 

Paran ka ede nan efò sa a.  Si nenpòt moun nan kay la montre sentòm grip sa yo, tankou, maltèt, fatig, tous, malgòj, nen bouche oubyen ap koule rim, kò fèmal, oubyen dyare ak vomisman, li enpòtan anpil pou yo rete lakay, pou yo pa pase maladi a bay lòt moun.  Chèche asistans medikal, si sa nesesè.

Enfòmasyon konsènan grip la poste nan www.dadeschools.net.

###

09-JJS/475/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès