|
ELÈV MIZISYEN NAN “NEW WORLD SCHOOL OF THE ARTS” JWE ‘MIZIK AMERIKEN’ NAN MEZON BLANCH MIAMI – Tony Madruga, yon elèv 10yèm ane eskolè nan “New World School of the Arts”, te youn nan kat mizisyen djaz ki te jwe nan Mezon Blanch dènyèman pou lanse yon seri mizik premye dam Michelle Obama patwone. Tony, ki te jwe pyano, moun ka wè li nan yon sekans videyo de minit edmi sou rezo Entènèt CNN nan. Nan videyo a, Obama rele djaz “pi gwo kado atistik Amerik bay mond la,” e li bay ti istwa sou kijan granpapa li sou bò manman te renmen mizik djaz pandan gwoup la t ap jwe. Moun ka wè videyo a, ki rele “Jazz in the White House” (Djaz nan Mezon Blanch) nan www.cnn.com/video/#/video/living/2009/06/15/natpkg.flotus.jazz.cnn?iref=videosearch Pou plis enfòmasyon, kontakte Dr. Frederic Conde, direktè New World nan 305-327-3425.
### 09-JJS/476/HD/CM
|