POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 8 janvye 2010  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

DE LEKÒL MIZE MAGNÈT RESEVWA FON DEBAZ POU PREZÈVASYON

Miami - De Lekòl Mize Magnèt, Lekòl Elemantè William Jennings Bryan ak Lekòl Mwayen Shenandoah, ki se de moniman istorik devwe, pral resevwa fon debaz pou prezèvasyon nan men “The Villagers.”  The Villagers se yon òganizasyon sou baz volontè, ki pa la pou pwofi nan Miami-Dade County ki te kontribye pou prezèvasyon kèk resous istorik ki pi enpòtan nan Miami-Dade County.

Prim yo koresponn avèk objektif filozofi Lekòl Magnèt Mize yo: bay elèv yo opòtinite pou yo eksplore, pran konesans sou estrikti istorik yo, e konprann enpòtans prezèvasyon.  Espwa yo se gide jenerasyon k ap vini yo pandan y ap ankouraje yon sans inite ak fyète anndan kominote a.

Lekòl Mwayen Shenandoah, yon bilding “Works Progress Administration (WPA),” se August Geiger, yon konstriktè/achitèk WPA ki te konstwi li an 1940.  Prim $3,500 lekòl la resevwa a pral kouvri depans pou modènize kapasite elektrik pou espas egzibisyon lekòl la ki la pou plizyè fonksyon.

Achitèk Robertson ak Patterson te konstwi Lekòl Elemantè William Jennings Bryan an 1928.  Finansman an ki totalize $1,500, pral sèvi pou renove yon fontèn yo te konstwi pou teren ki nan teras santral la.  Se te yon kado klas 1939 la e sanble se te yon Pwojè WPA.

Pwogram Mize Magnèt yo fòme patenarya solid avèk zòn mize lokal e enstitisyon kiltirèl ki nan Miami-Dade County.  Edikatè mize yo ap travay nan tèt kole avèk pwofesè salklas yo, pou adapte kourikoulòm ki baze sou estanda a avèk objè e matyè ki nan mize espesifik pa yo e vizite bilding istorik ak teren atravè county a.  Kourikoulòm entegre a, ki vize premyèman aprantisaj ki baze sou objè ak pwojè, mete anfaz sou rezolisyon pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon e ankèt atravè yon echanj avèk patnè mize e kiltirèl yo.

Patnè Mize Lekòl Mwayen Shenandoah se Dade Heritage Trust; Historical Museum of Southern Florida; Lowe Art Museum, University of Miami; Miami Art Museum; Museum of Science; The Wolfsonian-FIU and the Coral Gables Museum.  Patnè Lekòl Elemantè William Jennings Bryan se Fairchild Tropical Botanic Garden, Haitian Heritage Museum, Historical Museum of Southern Florida, ak Museum of Contemporary Art (MOCA).

###

010-JJS/090/VVL/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès