|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 7 janvye 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS, VIL HIALEAH LANSE VIZIT EDIKASYON KOMINOTÈ
Miami – Sipèentandan Alberto M. Carvalho ap lanse yon seri vizit edikasyon kominotè atravè divès kominote ki konpoze Miami-Dade County. Premye vizit edikasyon kominotè a ap fèt lendi 11 janvye 2010 a 7:30 dimaten nan Hialeah City Hall, 501 Palm Avenue, Hialeah.
Nan kòmansman lansman inisyativ sa a ki vize kominote yo, Carvalho di “Vizit la ap bay ofisyèl eli lokal ak lidè biznis ak kominotè yon opòtinite pou vizite lekòl yo e gade deprè amelyorasyon yo ak akonplisman edikasyonèl yo pandan ane ki sot pase a.
Vizit edikasyon an ap mennen administratè distri lekòl yo, ofisyèl eli lokal yo, ak lidè kominotè yo, Majistra Julio Robaina pral kondui, nan twa premye sant edikasyonèl vil la: Lekòl Segondè Hialeah, Sant K-8 – M. A. Milam, ak Lekòl Segondè Westland Hialeah.
Majistra Robaina distenge tèt li nan ofri opòtinite edikasyonèl ak ekselans pou timoun Hialeah yo, senkyèm pi gwo vil nan Eta Florid la e yon kominote kote popilasyon an prensipalman Espayòl.
Apre yon brèf dine nan “Hialeah Race Track,” istorik la vizit la pral fini nan Meri Vil Hialeah a.
Vizit yo fè pati efò Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè pou ale jwenn kominote yo ak akò edikasyonèl li genyen ak minisipalite yo.
###
10-JJS/091/TC/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |