|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 12 janvye 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SWARE EGZIBISYON LEKÒL MAGNÈT MIZE
LEKÒL ELEMANTÈ WILLIAM JENNINGS BRYAN
MIAMI – Magnèt Mize Lekòl Elemantè W. J. Bryan ap prezante travay elèv Jadendanfan rive nan 5yèm ane eskolè te kreye. Elèv “gid” yo ap sou lamen pou diskite pwojè yo te kreye akoz ekspedisyon aprantisaj nan mize lokal yo. Sware Egzibisyon an se 13 janvye 2010, de 5:30 a 7:30 diswa, nan W. J. Bryan Elementary, 1201 N.E. 125 Street, North Miami. Ane pase, apwoksimativman 400 paran ak zanmi te ale nan evènman sa a.
Lekòl Magnèt Mize yo fòme patenarya solid avèk mize lokal nan zòn nan ak enstitisyon kiltirèl yo nan Miami-Dade County. Edikatè mize yo travay kòt a kòt avèk pwofesè salklas, nan devlope yon kourikoulòm ki chita sou estanda avèk objè e atik nan pwòp mize yo e ale vizite lòt bilding istorik ak lokasyon atravè peyi a. Kourikoulòm entegre sa a, vize prensipalman sou objè ak pwojè ki baze sou aprantisaj, nan mete aksan sou rezoud pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon, ak kesyon atravè vizit nan mize ak enstitisyon kiltirèl.
Patnè mize Lekòl Elemantè W. J. Bryan yo se Fairchild Tropical Botanic Garden, Haitian Heritage Museum, Historical Museum of Southern Florida, ak Museum of Contemporary Art (MOCA).
###
10-JS/093/TR/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |