POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 janvye 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN LEKÒL ALBERTO CARVALHO ANONSE PLAN POU
ASISTE AYITI APRE TRANBLEMANTÈ A

MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto Carvalho anonse jodi a plan pou asiste Ayiti apre yon tranblemantè ki devaste yon bon pati nan peyi a 12 janvye.

Carvalho di, “Nou planifye pou itilize pozisyon ak resous nou pou ede moun k ap viv Ayiti yo, kote anpil ladan yo gen fanmi ak zanmi pwòch isit menm nan pwòp kominote nou an.  Se sa pou nou fè menm, e lè pou nou ede a se kounye a.”

Yon atik “good cause” (bon koz) prale devan komisyon konsèy lekòl la nan reyinyon mansyèl li aprèmidi a, pou mande pèmisyon pou elèv ak anplwaye yo ranmase fon pou efò sekou ann Ayiti.

Anplisde kolaborasyon ak ajans lokal e nasyonal yo, distri lekòl la ap idantifye lokal nan distri lekòl la pou yo deziye kòm sant koleksyon yon dezas.  Administratè distri lekòl la ap travay ak konsila Ayisyen an pou idantifye bezwen ki pi ijan pou pèp Ayisyen an.

Yon kantite anplwaye distri a, tankou travayè mentnans ak elektrisyen te ofri tèt yo kòm volontè pou vwayaje ann Ayiti pou asiste nan operasyon rechèch ak sòtaj yo.  Administratè distri yo tout ap kominike ak biznis lokal yo, tankou konpayi jesyon fatra, pou jwenn plis mwayen pou asiste pèp Ayisyen an.  Manm Ekip Entèvansyon Konseye Kriz Distri a ap disponib nan lekòl lokal yo, selon bezwen yo.

Yo etabli yon liy telefòn pou bay enfòmasyon pou moun ki gen kesyon oubyen ki ta renmen ede.  Liy telefòn, 305-995-3000 la, ap gen anplwaye chak jou kòmanse 8:00 dimaten pou 4:30 nan aprèmidi.  Yo etabli yon paj Entènèt sekou nan http://helphaiti.dadeschools.net, e yo ka voye kesyon pa lèt elektwonik nan HelpHaiti@dadeschools.net.

Sipèentandan Carvalho te vizite Haiti an septanm 2008 pou asiste nan efò sekou apre siklòn te frape zile a.  Lè sa a efò sekou dezas distri a te pèmèt elèv Lekòl Leta Miami-Dade County kolekte15 tòn atik ak ekipman.

###

10-JJS/094/JS/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès