POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 janvye 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN CARVALHO DEVWALE PLAN KONT VYOLANS

MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho devwale yon plan konpreyansif kont vyolans pou jèn nan Reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la jodi a jan li te pwomèt.

Carvalho di, “Sekirite elèv ak lekòl te toujou e ap kontinye premye priyorite distri lekòl nou an.  Nou konnen efò sou prevansyon vyolans jèn ki efikas dwe enkòpore lekòl avèk patisipasyon kominotè pou kreye plan ki konpreyansif.”

Eleman Plan Egzekisyon Prevansyon Vyolans Jèn 2009-2010 la gen ladan etabli yon Ekip Travay ki konpoze ak manm kominotè, tankou òganizasyon kominotè baz kwayans relijye; aplikasyon lalwa; ajans gouvènman federal, eta ak lokal; kowalisyon ant plizyè lokalite; paran; ak elèv.

Lòt pati nan plan an gen ladan sa k ap suiv yo:

  • Kreye yon pwogram sipò pou jèn ki an danje yo rele “M-DCPS Cares” (M-DCPS Konsène) patenarya avèk moun enterese nan kominote a sipòte kote yo ofri   opòtinite vokasyonèl ak travay.
  • Ajiste estrikti Ofisye Resous Lekòl yo nan voye yon Ofisye aplentan nan chak Lekòl Segondè nan Distri a;
  • Kontinye patenarya avèk òganizasyon tankou “Crime Stoppers” (Estope Krim) pou sipòte repòtaj anonim sou zam;
  • Elaji sistèm kominikasyon ki efikas pou repòte zam ak enkyetid sou sekirite elèv, anplwaye, paran ak kominote tankou “anonymous texting” (voye mesaj tèks yon fason ki anonim), repòtaj sou Entènèt ak telefòn.
  • Lanse yon seri sèvis anons piblik chak semèn, selebrite lokal ak Biwo Avoka Eta a kreye pou ogmante responsablite pèsonèl ak konesans sou sekirite lekòl; mesaj jounalye pou elèv konsènan responsablite pèsonèl ak valè debaz ki pwomouvwa desizyon sou sante;
  • Ofri yon seri atelye rejyonal leswa pou paran an kolaborasyon avèk Akademi Paran An e lòt òganizasyon pwofesyonèl (Asosyasyon Sikològ Lekòl Dade, Asosyasyon Travayè Sosyal Lekòl, ak Asosyasyon Konseye Dade) ki adrese prevansyon vyolans, nwizans, sekirite sou Entènèt, devlope resistans, ak sante mantal adolesan;
  • Ogmante difizyon pwosedi repons ensidan kritik, tankou fèmti lekòl, disponib sou paj Entènèt Distri a; ak
  • Òganize Konferans pou jèn sou Prevansyon Vyolans avèk yon Elèv Lidè ki ap fasilite evènman an pou tout paran, elèv ak manm kominotè ki ap patisipe.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Suzy Berrios, Direktè Sèvis Jesyon Sante Mantal ak Kriz, nan 305-995-1452.

 

###

10JJS/095/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès