POUKISA: |
Fwa 2010 Rejyonal Sid Florid la pou Syans ak Jeni ekspoze eksplorasyon elèv lekòl mwayen ak segondè atravè county a. Yo prevwa apeprè 500 elèv ap patisipe nan fwa syans la anba sou tèm "Mentoring Global Innovation” (Anseye Inovasyon Global) Seremoni ouvèti a ap gen ladan prezantatè prensipal Direktè Kominikasyon Metrozoo Miami Ron Magill. Metewològ CBS4 Jeff Berardelli pral sèvi kòm mèt seremoni pou evènman an.
Pwojè yo ka ouvè pòt pou bousdetid kolèj ak akademi avanse. Elèv yo ap resevwa sètifika, meday, twofe ak prim e lajan kach kòm rekonpans.
Kategori fwa syans la gen ladan syans konpòtman ak sosyal, biyochimi, botani, chimi, syans òdinatè, jeni, matematik, mikwobiyoloji, zowoloji, syans latè e planetè, syans anviwònmantal, fizik astwonomi, medsin ak sante.
Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1939 oubyen vizite science.dadeschools.net.
|