POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 14 janvye 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ PREPARASYON POU
ASISTE NOUVO ELÈV KI AP SOTI AYITI

MIAMI – Lekòl Miami-Dade County (M-DCPS) kòmanse preparasyon pou akeyi e ofri sèvis edikasyonèl pou elèv ki ka vin abite nan Sid Florid la akoz yon gwo tranblemantè ki devaste peyi a 12 janvye.

Sipèentandan Lekòl yo, Alberto Carvalho di, “Distri a byen prepare pou ofri anplwaye ak resous pou adrese bezwen edikasyonèl elèv ki ka deplase soti nan peyi yo apre dezas terib sa a.

M-DCPS te devlope yon sistèm repons efikas pou ijans ki te pase deja, tankou “Mariel Boatlift” ak Siklòn Andrew, ki te mande egzekisyon plis sèvis edikasyonèl ki depase fonksyònman nòmal yo.  Plan ijans sa yo byen reglemante pou adrese bezwen aktyèl timoun tranblemantè Ayiti a afekte.

Yo kreye modèl pou delivre sèvis pou adrese divès senaryo ki ka rive akoz tranblemantè a, tankou bay elèv sèvis nan yon sant admisyon lokal oubyen yon sant admisyon yo ka etabli andeyò distri lekòl la.  Administratè nan distri a tou planifye pou posiblite elèv ki vini endividyèlman nan lekòl nan zòn yo pandan yon peryòd tan pwolonje.

Yo konsidere tou depans pou bay yon gwo kantite elèv sèvis, e egzekisyon efikas plan distri a pral depann de sipò finansye gouvènman federal la.  Yo ap etabli yon kolaborasyon kontinyèl ak tout ajans gouvènmantal lokal yo ki ka enplike nan deplwaman ijans.

Carvalho di, “Nou rekonèt chòk timoun sa yo ka sibi, distri lekòl la pran angajman pou satisfè bezwen yo e ede yo bati avni yo.”

 

###

10-JJS/097/TR/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès