|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ PREPARASYON POU ASISTE KOMINOTE AYISYEN AN NAN KONTAKTE PARAN YO ANN AYITI MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ogmante efò li pou l ede kominote ayisyen an nan ofri aksè sou Entènèt nan lekòl yo seleksyone pou fasilite kominikasyon ant rezidan lokal yo ak fanmi e zanmi yo ann Ayiti nan fen semèn sa a. Anplis, tout lekòl Distri yo ap aksepte atik pou Ayiti, tankou manje ki ka konsève, dlo nan boutèy, pwodui pou kan (tant, sak pou dòmi, fanal, lenn, repousan pou mouch), pwodui premye swen, ak materyo medikal (medikaman san preskripsyon, chèz roulant, bekiy, eks.) Moun ki ta renmen kontribye pou efò soulajman ann Ayiti ka fè sa sou Entènèt nan www.dadeschools.net. Moun ki vle peye pa chèk dwe fè chèk yo pou “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.”, e make “Haiti Earthquake Relief” nan seksyon memo chèk la. Yo dwe poste chèk yo nan 1450 NE 2nd Avenue, Room #776, Miami, Florida 33132. Yo etabli yon liy enfòmasyon nan 305-995-3000 pou asiste moun ki gen kesyon, ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl. # # #
NOTE: Yon lis lekòl ki ofri Entènèt gratis tache.
|