POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 1ye fevriye 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
     FWA KOLÈJ NASYONAL LA AP VIN NAN MIAMI 21 FEVRIYE

Paran ak elèv! Chans nou se kounye a pou n rankontre ak reprezantan ki ap soti nan 150 kolèj ak inivèsite nan tout peyi a.  Ale nan Fwa Kolèj Nasyonal 2010 Miami an.  Aprann sou èd finansye, admisyon, egzamen ak bousdetid, tou! Jwenn repons pou tout kesyon nou yo.

Fwa a se dimanch, 21 fevriye, kòmanse a midi pou 4è nan aprèmidi nan Doubletree Miami Mart Hotel.  Pa pèdi okazyon sa a!  Antre a gratis.  Se Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman sa a.

Nòt Editè a:  Liy Enfòmasyon Fwa Kolèj la se: 305-995-1739

 

###

10-JJS/099/jam/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès